Ti Koze Youn. Conversation One.

Original Source

All credit goes to Bryant C. Freeman, Ph.D. These excerpts are all taken from  Ti Koze Kreyòl, A Haitian-Creole Conversation Manual. We love the content so much that we want to share it with you. For more information, please visit the official website.

Instructions

  1. Listen to the recording. Write down what you understood
  2. Listen to the recording while reading the transcript. Key terms and phrases are located at the end
  3. Use new vocabulary with others. Copy the sound and intonation you heard in the recording

Yon Gason Kontre Ak Yon Fi. A Man Meets A Woman.

Jan: Bonjou, madmwazèl! Ki jan ou ye?

Mari: M la,* grasa Dye.

Jan: Ou se yon elèv isit la?*

Mari: Men wi. E ou menm, ou se yon elèv tou?

Jan: Men wi. M ap etidye* kreyòl ayisyen!

Mari: Kreyòl ayisyen! Men poukisa yon moun ta* vle etidye sa?

Jan: M ap etidye l paske li enteresan. Epi m ta vle ale an Ayiti yon jou.

Mari: Ayiti? Ki kote li ye?

Jan: Li kote Kiba.* Men ou poko di m: ki jan ou rele?

Mari: M rele Mari.

Jan: Mwen menm, m rele Jan. Se ki kote ou rete, Mari?

Mari: Mwen rete bò isit la.*

Jan: Kisa sa vle di, “bò isit la”?

Mari: Sa vle di m pa vle di ou kote m rete!

Jan: O! o! poukisa ou mechan avè* m konsa! . . . E ou menm, Mari, ki sa ou ap etidye?

Mari: Kreyòl ayisyen. Babay.

Jan: Mezanmi! Ala yon bèl ti dam!

Nòt Yo. Notes.

M la literally, “I’m there” (or: “I survived another day”), i.e., “I’m OK.” Many of the usual replies to the greetings “Ki jan ou ye?” or “Kouman ou ye?” are inherently pessimistic: “M pa pi mal” (“I’m no worse”), “M ap kenbe toujou” (“I’m still holding on,” “I’m hanging in there”). Remember the role of the 18th-century slave community in the formation of what has become the Haitian language.

Isit la literally, “here there,” but the la in this expression is used simply to give somewhat greater emphasis to isit.

M ap etidye “I am studying.” ap is the present progressive indicator, equivalent to the English ending “-ing.”

Ta “would,” the conditional indicator.

Kote Kiba “in the direction of Cuba,” or “near Cuba.”

Bò isit la literally, “near here there,” i.e., “around here,” “in these parts.”

The word for “with” has three forms: avèk, avè, and ak.

Kesyon Yo. Questions.

Chache reponn ak yon fraz konplèt. Answer using a complete sentence. 

1. Kijan ou ye, madanm/madmwazèl/mesye?
2. Ou se yon elèv isit la?
3. Ou se yon bon elèv?
4. Ou ap etidye kreyòl ayisyen?
5. Men poukisa ou vle etidye lang sa a?
6. Ou pale franse?
7. Ou pale angle?
8. Ou ta vle ale an Ayiti yon jou?
9. Ki kote Ayiti ye?
10. Ki jan ou rele?
11. Se ki kote ou rete?
12. Èske ou dakò di tout moun ki kote ou rete?
13. Èske ou mechan?
14. Èske ou toujou janti ak tout moun?
15. Poukisa?