Ti Koze De. Conversation Two.

Original Source

All credit goes to Bryant C. Freeman, Ph.D. These excerpts are all taken from  Ti Koze Kreyòl, A Haitian-Creole Conversation Manual. We love the content so much that we want to share it with you. For more information, please visit the official website.

Instructions

  1. Listen to the recording. Write down what you understood
  2. Listen to the recording while reading the transcript. Key terms and phrases are located at the end
  3. Use new vocabulary with others. Copy the sound and intonation you heard in the recording

Poukisa? Why?

Jan: O! o! se ou! Ki jan ou ye jòdi a, Mari?

Mari: M pa pi mal,* Dye mèsi. E ou menm?

Jan: Mwen menm? M ap boule piti piti!* Ki kote ou prale kounyeya, Mari?

Mari: Mwen prale nan klas kreyòl.

Jan: Nan klas kreyòl?! Mwen menm tou, se la m prale. M kab* ale ansanm ak ou?

Mari: Si ou vle.

Jan: O wi! Men Mari, ou poko di m poukisa ou ap aprann kreyòl.

Mari: Se paske yon jou mwen ta renmen al wè yon peyi ki diferan. Si m vle byen konnen peyi sa a, se pou m pale* lang li. Pou moun Ozetazini, Ayiti pa twò lwen. Se yon bèl peyi ki kab aprann nou anpil bagay.

Jan: Mari, ou se yon moun ki entelijan anpil! Kibò ou aprann tout kalite* bèl bagay sa yo?

Mari: Men monchè, petèt se paske m fè anpil lekti! E ou menm, Jan, ou renmen li?*

Jan: Men wi, machè! Mwen se yon fanatik nètale! Mwen li anpil anpil!

Mari: Se byen sa . . .* Nou rive. Mèt la la* deja.

Jan: M kab ba* ou woulib* lè nou lage?

Mari: Yon lòt fwa, monchè. Jòdi a, lè nou lage, m ap prese.

Nòt Yo. Notes.

M la literally, “I’m there” (or: “I survived another day”), i.e., “I’m OK.” Many of the usual replies to the greetings “Ki jan ou ye?” or “Kouman ou ye?” are inherently pessimistic: “M pa pi mal” (“I’m no worse”), “M ap kenbe toujou” (“I’m still holding on,” “I’m hanging in there”). Remember the role of the 18th-century slave community in the formation of what has become the Haitian language.

M ap boule piti piti literally, “I’m burning little by little,” i.e., “I can’t complain,” “I’m getting along.”

Kab “can.” This auxiliary verb has four forms: kapab,
ka, kap, kab, used interchangeably.

Se pou m pale “I must speak.” pou is used here to indicate necessity or obligation; pou is also used as a preposition meaning “for”, or to indicate possession: Liv sa a pou mwen “That book is mine.”

Kalite the most common meaning is “type of”; it can also mean “quality.”

Don’t forget: li can be a verb meaning “to read,” as well as a pronoun meaning “he, she, it; his, her, its; him, her, it.”

Mary seems somewhat less than fully convinced here of John’s sincerity! The first la is the definite article “the”; the second la means “there.”

The verb meaning “to give” has three forms: bay, ba, and ban, depending upon the following word.

Woulib literally, “free wheel,” i.e., “a ride,” “a lift.”

Kesyon Yo. Questions.

Chache reponn ak yon fraz konplèt. Answer using a complete sentence. 

1. Kijan ou ye jòdi a, madanm/madmwazèl/mesye?
2. Ki kote ou prale kounyeya?
3. Ki kote klas kreyòl ou a ye?
4. Èske ou te janm vizite yon peyi lòt bò?
5. Ki peyi sa a?
6. Konbyen tan ou te pase la a?
7. Ou te renmen peyi sa a?
8. Lè ou ap vizite yon peyi, èske li pi bon pou ou konn pale lang li?
9. Pou moun Ozetazini, èske Ayiti lwen?
10. Ayiti, se yon bèl peyi?
11. Ayiti kapab aprann nou anpil bagay? Kisa, pa egzanp?
12. Ki kote ou aprann tout kalite bèl bagay sa yo?
13. Ou renmen fè lekti?
14. Kisa ou konn li?
15. Ou prese jòdi a?
16. Ou kapab ban m woulib jòdi a?