Ti Koze Twa. Conversation Three.

Original Source

All credit goes to Bryant C. Freeman, Ph.D. These excerpts are all taken from  Ti Koze Kreyòl, A Haitian-Creole Conversation Manual. We love the content so much that we want to share it with you. For more information, please visit the official website.

Instructions

  1. Listen to the recording. Write down what you understood
  2. Listen to the recording while reading the transcript. Key terms and phrases are located at the end
  3. Use new vocabulary with others. Copy the sound and intonation you heard in the recording

Lanmou, Toujou Lanmou! Love, It's Always Love!

Jan: Woy!* Mari! Ban m nouvèl ou!*

Mari: M byen, wi. E ou menm, Jan?

Jan: Mwen menm? M ap gade san pran.*

Mari: Ki sa sa vle di, ou ap “gade san pran”?

Jan: Sa vle di jòdi a kè m pa kontan.

Mari: Poukisa, monchè?

Jan: Mwen tris paske mwen blije ale nan sinema pou kont mwen.*

Mari: Kouman! Yon gwo nèg tankou ou, ou pè ale nan sinema ou menm sèl?

Jan: Non, machè. Mwen pa pè, men m konnen yon fi ki bèl anpil, mwen ta vle envite l ale ak mwen nan sinema. Mwen pa konn si l a vle.

Mari: O! o! ki moun sa a?

Jan: Ou pa konnen? Se ou menm menm* wi, Mari.

Mari: Mèsi anpil, monchè. Ou janti, men m gen anpil travay pou m fè* aswè a.

Jan: Men se yon fim ki bon anpil!

Mari: Wi? Ki jan li rele?

Jan: Li rele: “Lanmou, Toujou Lanmou!”

Mari: “Lanmou, Toujou Lanmou!” Monchè, mwen twò piti pou al wè yon fim konsa… Men, ou kab envite m yon lòt fwa, si ou vle. N a wè* yon lòt jou.

Jan: N a wè, Mari.

Nòt Yo. Notes.

Woy! “Hey!” (to attract someone’s attention).

Ban m nouvèl ou! literally, “Give me your news!” another very frequent way of asking, “How are you?”

Ap gade san pran literally, “to be looking without taking,” i.e., “to be on the outside looking in.” A popular, semihumorous
reply.

Pou kont mwen literally, “for my account,” i.e., “alone.”

Se ou menm menm repetition for emphasis: “It’s you!”

Pou m fè “(that) I must do.” pou is used here to indicate obligation

N a wè literally, “We shall see (each other again),” i.e., “(I’ll) see you!”

Kesyon Yo. Questions.

Chache reponn ak yon fraz konplèt. Answer using a complete sentence. 

1. Ban m nouvèl ou!
2. Ou tris jòdi a?
3. Poukisa ou tris?
4. Poukisa ou pa tris?
5. Ou renmen ale nan sinema?
6. Ou pè ale nan sinema pou kont ou?
7. Ou pito ale nan sinema ak yon zanmi?
8. Ki jan li rele?
9. Ou konnen yon fi/gason ki bèl anpil?
10. Ou ta vle envite l ale ak ou nan sinema?
11. Ou kwè li ta vle ale ak ou?
12. Ou gen anpil travay pou ou fè aswè a?
13. Poukisa?
14. Ou konnen yon fim ki bon anpil?
15. Ki jan li rele?

Act Out The Scene

Ou vle envite yon moun ale ak ou nan sinema:
You want to invite a person to go with you to the movies:

a) Li vle ale ak ou.
b) Li pa vle ale ak ou.