Ti Koze Senk. Conversation Five.

Original Source

All credit goes to Bryant C. Freeman, Ph.D. These excerpts are all taken from  Ti Koze Kreyòl, A Haitian-Creole Conversation Manual. We love the content so much that we want to share it with you. For more information, please visit the official website.

Instructions

  1. Listen to the recording. Write down what you understood
  2. Listen to the recording while reading the transcript. Key terms and phrases are located at the end
  3. Use new vocabulary with others. Copy the sound and intonation you heard in the recording

Nan Restoran “Kiyè Sal”. In the Restaurant "Dirty Spoon".

Mari: Men pa di m,* ou renmen klas kreyòl nou an?

Jan: Men wi! M renmen l plis pase tout lòt klas yo!

Mari: Poukisa?

Jan: M pa konnen egzakteman. Li enteresan—epi mwen menm se yon nèg ki renmen fè sa ki diferan! . . . Epi tou, zanmi m yo anraje nan kò m* paske yo kwè mwen fou dèske m ap etidye kreyòl.

Mari: Mwen menm tou! Men li amizan anpil anpil*!

Gason: Men te* yo.

Jan: Nou pa t mande te, non, se kafe nou te mande.

Gason: O! o! Eskize m! M pral chache sa pou nou san pèdi tan.

Jan: Ou ta renmen manje yon ti bagay kounyeya, Mari? Mwen menm, m grangou wi.

Mari: Mwen menm, m pa grangou. Mwen swaf sèlman. Men ou toujou grangou, ou menm?

Jan: Wi, se konsa m ye! M ta renmen pran yon anbègè.

Mari: Men monchè, se twòp sa! Li deja prèske senkè.* Nan inèdtan* ou pral soupe.

Jan: Ou gen rezon, Mari, ou toujou gen rezon. Mwen ka manje sa yon lòt fwa.

Gason: Men kafe yo, wi.

Jan: Mèsi, men nou pa gen kiyè.

Gason: Pa gen pwoblèm. Men de kiyè pou nou. Nou vle napkin* tou?

Mari: Wi, souple. 

(Yo bwè kafe yo.)

Mari: O! Li ta. Li prèske sizè.

Jan: Men wi. Gason, pote fich la pou mwen, souple.

Gason: Men li.

Jan: M kwè gen yon move kalkil sou fich la. Nou te pran de kafe sèlman, men ou mete de kafe ak de te.

Gason: O! o! Kite m wè sa. Ou gen rezon! M sonje kounyeya.

Jan: Oke, li bon kounyeya. Èske tep la nan total la?

Gason: Non, mesye.

Jan: Bon. Mete sa nan pòch ou.

Nòt Yo. Notes.

Men pa di m literally, “But don’t tell me,” i.e., “But tell me.”

Anraje nan kò m literally, “enraged in my body,” i.e., “on my case.”

Anpil anpil repetition for emphasis, a frequently used device in Haitian.

Te “tea”; te is also of course the past tense indicator, and watch out for “land, earth.”

Senkè “five o’clock.” è indicates “hour,” and is combined with the various numbers for telling time.

Inèdtan “one hour (of time).” Cf. the French une heure (de temps).

Napkin “paper napkin”; sèvyèt “cloth napkin.”

Kesyon Yo. Questions.

Chache reponn ak yon fraz konplèt. Answer using a complete sentence. 

1. Poukisa Jan renmen klas kreyòl li a?
2. E ou menm, ou renmen klas kreyòl ou a tou?
3. Èske zanmi Jan yo renmen kreyòl menm jan ak li?
4. E zanmi ou yo, èske yo renmen kreyòl menm jan ak ou?
5. Kisa gason an pote ba yo?
6. Men, kisa yo te mande pou bwè?
7. Kisa Jan ta vle manje?
8. E ou menm, ou ta vle manje yon bagay kounyeya? Kisa?
9. Poukisa Mari kwè Jan pa bezwen manje kounyeya?
10. Lè gason an pote kafe yo, kisa li pote tou?
11. Kisa gason an pa t bay mesye dam yo?
12. Lè yo fin bwè kafe yo, kilè li te ye?
13. Lè moun vle peye nan yon restoran, ki de bagay yo bezwen?
14. Kisa ki pa t bon nan fich la?
15. Kisa yon tep ye?
16. Lè ou ale nan yon restoran, konben kòb ou konn kite pou moun k ap sèvi ou a?